MWEN JWEN NAN CHANM MWEN AYITI
YON CHAPLE MWEN TE PEDI NAN YON TREN
STAMFORD, CONNECTICUT, OZETAZUNI !!!
PANDAN YON PELERINAJ MWEN TE FE AK YON GWOUP MEDUGORJE NAN PEYI YOUGOSLAVI JACOB COLO YOUN NAN TIMOUN KI TE KON WE LAVYEJ MARI CHAK JOU A TE FE M KADO YON TI CHAPLE ESPESYAL. MWEN TE KONSIDERE CHAPLE SA KON 2 GREN JE NAN TET MWEN. M TOUJOU POTE L SOU MWEN.
YON JOU PANDAN MWEN SOTI NEW-YORK POU M ALE STAMFORD, CONNECTICUT MWEN TAP LAPRIYE AK CHAPLE A. LE M FINI MWEN FOURE L NAN POCH GWO MANTO MWEN TE METE SOU MWEN AN POU FREDU. MEN MWEN PAT KONNEN SI TE GEN YON TWOU NAN POCH MANTO A. SE KONSA CHAPLE A GLISE NAN TWOU A EPI LI TONBE NAN TREN AN SAN M PAT KONNEN.
LE MWEN DESAN SOU PLATFOM ESTASYON TREN AN SE LE SA MWEN KONSTATE KE CHAPLE A RETE NAN TREN AN KI TE GEN TAN DERAPE. MWEN SWIV TREN AN AK JE MWEN JISKASKE LI DISPARET. SE TE YON KOUT PONYA POU MWEN. SA TE FE M MAL ANPIL. SE TE YON JA LAJAN, YON TREZO MWEN PEDU.
KEK SEMEN APRE MWEN RETOUNEN AYITI. MALET MWEN NAN MENM MWEN LOUVRI POT CHANM MWEN A LETAJ NAN PAWAS SAKRE-KE TUJO POTOPRENS. SIPRIZ ! MWEN WE CHAPLE A KAP GADE M SOU PWENT BIWO M NAN. SE PREMYE BAGAY JE M TONBE SOU LI LE MWEN GADE CHANM NAN. BIWO TE CHAJE AK TOUT KALITE TYANPAN YOUN SOU LOT. EPOUTON MWEN WE CHAPLE A NAN TI PENT BIWO YON TI KOTE BYEN NETOYE POU KONT LI.
KIJAN MWEN FE PEDU YON CHAPLE NAN YON TREN ETAZUNI EPI MWEN JWEN LI JIS AYITI NAN CHANM MWEN KI TE FEMEN AKLE PANDAN PLIZYE SEMEN ???
PA POZE M KESYON ! AL POZE FATOUTOU KESYON !!!
YO RELE CHAPLE SA "CHAPLE KE POZE" (CHAPELET DE LA PAIX). SE PAREY YON CHAPLE KONSA MWEN TE PEDU NAN TREN AN. CHAPLE SA YO SOTI MEDUGORJE KOTE LAVYEJ MARI FE APARISYON CHAK JOU DEPI LANE 1981.
MEN PAREY TREN KI FE NEW-YORK/ STAMFORD CONNECTICUT OZETAZUNI. SE NAN PAREY YON TREN KONSA MWEN TE PEDU CHAPLE A. MWEN WE SA SELMAN LE MWEN FEN DESAN SOU PLATFOM ESTASYON STAMFORD NAP GADE LA.
MEN LEGLIZ SAKRE KE TUJO KOTE MWEN PRAL JWEN CHAPLE KI TE PEDU NAN TREN AN APRE PLIZYE SEMEN NAN CHANM MWEN KI TE FEMEN AKLE NAN PRESBITE PAWAS SAKRE KE TUJO KOTE M TE KIRE.




Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire