samedi 6 août 2022

APRE LANMO LI LAPRIYE SE CLAIRE GAGNE GERI YON MANM CBNDF !

DEPI SE CLAIRE GAGNE FENK MOURI MWEN TE TOUJOU CHAK JOU LAPRIYE POU LI EPI MANDE L POU L LAPRIYE POU NOU TOU. PASKE DEPI SE KLE TE VIVAN MWEN TE TOUJOU KONSIDERE L KOM YON SENT.
TE GEN YON MANM CBNDF KI TAP SOUFRI AK YON DOULE TERIB NAN PYE. OKEN REMED PAT KAPAB SOULAJE L. LI KON TANDE PALE DE SE KLE. MEN LI PAT JANM KONNEN L NI AN PENT NI AN PENTU.
YON JOU PANDAN LAP DOMI LI FE YON REV. LI WE SE YON RELIJYEZ ABIYE AN BLAN, VWAL BLAN LI NAN TET LI. TE GEN YON DAM KI AKONPAYE L. RELIJYEZ LA RALE YON POMAD KI TE NAN YON TUB KOU WE TUB PAT DANTRIFIS YO. LI MANDE MANM CBNDF LA POU L RETWOUSE JUP LI. EPI AVEK POMAD LA, RELIJYEZ LA MASE PYE MALAD LA, LI RALE L MONTE DESAN.
APRE SA RELIJYEZ LA DI MANM CBNDF LA KONSA :"MWEN SE SE KLE. SE MWEN MENM PE CAMPION TOUT TAN AP RELE A. KOUNYE A MWEN SE YON SENT".
VE 4H NAN MATEN MANM CBNDF KI TE GEN DOULE TERIB NAN PYE A REVEYE. SIPRIZ !!! DOULE A TE KOUPE SEK. TOUT DOULE TE VOLE GAGE.PYE A PA JANM JANM JANM FE L MAL ANKO JISKOUNYE A APRE PLIZYE MWA. PYE A TELMAN ANFOM LI BAY EKIP FOUTBAL AJANTEN NAN 24 GOL A ZEWO! (LOL)
LE LI RAKONTE YON ZANMI L REV LA EPI KIJAN LI GERI SUBITMAN. ZANMI AN MONTRE L FOTO SE CLAIRE GAGNE SOU FACEBOOK. SIPRIZ ! LI WE SE RELIJYEZ SA LI TE WE NAN DOMI AN. LI TE ABIYE EKZAKTEMAN JAN SE KLE TE ABITYE ABIYE.
NOU MET PRAN ABITUD LAPRIYE SE KLE NAN MALADI NOU YO. PASKE LE LI TE VIVAN BONDYE TE KON SEVI AVEK LI ANPIL POU GERIZON MALAD. KOUNYE A SE KLE GEN PLIS POUVWA TOUJOU POU FE MENM TRAVAY SA. NOU KAPAB LAPRIYE L TOU POU PEYI DAYITI KE SE KLE TE POTE NAN KE L. LI TE TOUJOU PWOFETIZE AYITI AP TOUNEN LIMYE POU TOUT NASYON YO. EPI SA AP FET KANMENM YON JOU ! O NON JEZU.

lundi 1 août 2022

MANMAN FATIMA PEMET YON FANM ANSENT AKOUCHE CBNDF SAN DANJE !

TE GEN YON MADANM GONAYIV KI TE ANSENT. DOKTE TE DI L SI LI KONTINYE AK GWOSES LA POU L FE PITIT LA, LAP MOURI. YON MOUN KONSEYE L VINI POTE PWOBLEM NAN BAY NOTRE DAME DE FATIMA NAN CBNDF BWANEF. LI FE SA VRE. SE KONSA LE LI RIVE, LI FEN LAPRIYE, POZE PWOBLEM NAN DEVAN YON GWO ESTATI FATIMA NOU GEN NAN LAKOU A, MADANM NAN TOU AKOUCHE LA, YON BEL PITIT GASON AN BON SANTE. MANMAN FATIMA TE PREVWA TOUT BAGAY. TE GEN YON ENFIMYE LA KI TE VINI AN PELERINAJ. ENFIMYE A TOU EDE L AKOUCHE. APRE SA, PE KI TAP FE LAMES LA TOU KONDWI L LAKAY LI GONAYIV. MENU KONPLE. FATIMA TE PREVWA TOUT BAGAY NAN TOUT TI DETAY. MESI FATIMA. MESI JEZU. GLWA POU BONDYE.

vendredi 22 juillet 2022

LAVYEJ MARI REMETE NAN YON ANVLOP TOU KACHTE YON LAJAN MWEN TE PRETE !!!

MWEN PRETE YON LAJAN NAN YON ANVLOP. MWEN TEPE,SELE, KACHTE RES LAJAN NAN ANVLOP LA. TWA JOU APRE MWEN JWEN ANDAN ANVLOP LA MENM VALE LAJAN M TE PRETE A !!! 

GEN YON MOUN KI TAP EDE M BATI YON KAY POU RETRET NAN CBNDF BWANEF. SE KONSA PANDAN MWEN ETAZINI LI BAN MWEN YON LAJAN AMERIKEN POU M BAY ENJENYE KI TE SOU TRAVAY LA POU L KONTINYE L.

 LE MWEN RANTRE AN AYITI MWEN ALE DIREKTEMAN NAN LOPITAL KOTE SE M NAN PAULA CAMPION TE ENTENE. LE MWEN RIVE LOPITAL LA PAULA TE GENYEN YON PAKET MEDIKAMAN POU L ACHTE AVEK ANALIZ POU L TE FE. LI PAT GEN ASE KOB NAN MEN L POU L FE SA. MWEN TE RENMEN SE M NAN ANPIL. MWEN PAT VLE KITE L MOURI POU MEDIKAMAN.

 SE KONSA MWEN PRAN NAN ANVLOP LA 2000 DOLA AMERIKEN POU ANALIZ YO AK MEDIKAMAN YO. MEN MWEN PAT ALEZ DITOU. MWEN PA JANM FE BAGAY KONSA POU M PRETE NAN LAJAN YO MANDE M POU M BAY YON MOUN. 

EPI KI KOTE MWEN PRAL JWEN 2000 DOLA AMERIKEN POU M RANPLASE SA MWEN TE PRAN. PASKE NAN 3 JOU ENJENYE A AP VINI CHECHE KOB LA. SA TE BOULVESE M. MEN KOM DABITUD LE M GEN YON PWOLEM MWEN REMET LI DEVAN FATOUTOU.

 MWEN DEPANSE YON BON VALE NAN 2000 DOLA. EPI RES LA MWEN METE L BYEN FEMEN NAN VALIZ NAN CHANM MWEN AK TOUT RES WOULO YO KON VLOPE LAJAN LE LABANK BA OU PLIZYE BIYE ANSANM. EPI RES LAJAN POU M TE BAY ENJENYE A, MWEN METE L NAN YON ANVLOP KE MWEN BYEN SELE AK PLIZYE TEP PLASTIK.

 TWA JOU APRE ENJENYE VINI CHECHE ANVLOP LA. LI TE CHITA DEVAN BIWO M NAN. MWEN AL CHECHE ANVLOP LA TOU KACHTE TOU SELE AK PLASTIK LA BA LI. MWEN DI L FOK LI KONTE KOB LA. SE PRENSIP MANMAN M TOUJOU BAN MWEN.

 SE KONSA DEVAN MWEN LI RETIRE TEP PLASTIK LA, LI DEKACHTE ANVLOP LA, LI KONTE L DEVAN M. SIPRIZ ! MONTAN LAJAN LI JWEN NAN ANVLOP LA SE EGZAKTEMAN KOB MWEN TE SIPOZE BA LI A SAN MANKE YON DOLA ! MWEN SEZI ! MWEN MANDE L KONTE LAJAN YON DEZYE FWA. MENM REZILTA. 

LE SA MWEN PRAN ANVLOP LA MWEN MENM, MWEN KONTE CHAK BIYE APA LANTMAN. PA GEN YON DOLA KI TE MANKE ! MWEN JWEN MONTAN LAJAN YO TE BAN M POU REMET LI A. BIYE YO TE TOU NEF. YON PAKET 100 DOLA AMERIKEN MENM JAN AK LOT YO. 

PLIS PI GWO SIPRIZ TOUJOU. WOULO KE LABANK KON VLOPE PLIZYE DOLA ANSANM TE VLOPE NOUVO BIYE SA YO ALOSKE ANSYEN WOULO A MWEN TE KONSEVE L NAN VALIZ MWEN ANSANM AK RES LAJAN KI TE RETE NAN 2000 DOLA MWEN TE DEPANSE A.

 MWEN PAT GEN OKEN ESPLIKASYON POU FENOMEN SA. MWEN WE NAN EVENMAN SA LAMEN FATOUTOU. SE TE MIRAK LAVYEJ. GLWA POU BONDYE KI TE FE M SOTI NAN YON ANBARA.

 MEN FATOUTOU MWEN TAP PALE NOU AN !



FATOUTOU FE MWEN JWEN LAJAN AMERIKEN

 MWEN TE PRETE A AK TOUT WOULO YO LADAN !

LAVYEJ MARI FE M JWEN NAN CHANM MWEN AN AYITI YON CHAPLE MWEN TE PEDU NAN YON TREN OZETAZUNI !!!

 MWEN JWEN NAN CHANM MWEN AYITI

 YON CHAPLE MWEN TE PEDI NAN YON TREN

 STAMFORD, CONNECTICUT, OZETAZUNI !!!


PANDAN YON PELERINAJ MWEN TE FE AK YON GWOUP MEDUGORJE NAN PEYI YOUGOSLAVI JACOB COLO YOUN NAN TIMOUN KI TE KON WE LAVYEJ MARI CHAK JOU A TE FE M KADO YON TI CHAPLE ESPESYAL. MWEN TE KONSIDERE CHAPLE SA KON 2 GREN JE NAN TET MWEN. M TOUJOU POTE L SOU MWEN. 

YON JOU PANDAN MWEN SOTI NEW-YORK POU M ALE STAMFORD, CONNECTICUT MWEN TAP LAPRIYE AK CHAPLE A. LE M FINI MWEN FOURE L NAN POCH GWO MANTO MWEN TE METE SOU MWEN AN POU FREDU. MEN MWEN PAT KONNEN SI TE GEN YON TWOU NAN POCH MANTO A. SE KONSA CHAPLE A GLISE NAN TWOU A EPI LI TONBE NAN TREN AN SAN M PAT KONNEN.

 LE MWEN DESAN SOU PLATFOM ESTASYON TREN AN SE LE SA MWEN KONSTATE KE CHAPLE A RETE NAN TREN AN KI TE GEN TAN DERAPE. MWEN SWIV TREN AN AK JE MWEN JISKASKE LI DISPARET. SE TE YON KOUT PONYA POU MWEN. SA TE FE M MAL ANPIL. SE TE YON JA LAJAN, YON TREZO MWEN PEDU.

 KEK SEMEN APRE MWEN RETOUNEN AYITI. MALET MWEN NAN MENM MWEN LOUVRI POT CHANM MWEN A LETAJ NAN PAWAS SAKRE-KE TUJO POTOPRENS. SIPRIZ ! MWEN WE CHAPLE A KAP GADE M SOU PWENT BIWO M NAN. SE PREMYE BAGAY JE M TONBE SOU LI LE MWEN GADE CHANM NAN. BIWO TE CHAJE AK TOUT KALITE TYANPAN YOUN SOU LOT. EPOUTON MWEN WE CHAPLE A NAN TI PENT BIWO YON TI KOTE BYEN NETOYE POU KONT LI.

 KIJAN MWEN FE PEDU YON CHAPLE NAN YON TREN ETAZUNI EPI MWEN JWEN LI JIS AYITI NAN CHANM MWEN KI TE FEMEN AKLE PANDAN PLIZYE SEMEN ??? 

PA POZE M KESYON ! AL POZE FATOUTOU KESYON !!!


YO RELE CHAPLE SA "CHAPLE KE POZE" (CHAPELET DE LA PAIX). SE PAREY YON CHAPLE KONSA MWEN TE PEDU NAN TREN AN. CHAPLE SA YO SOTI MEDUGORJE KOTE LAVYEJ MARI FE APARISYON CHAK JOU DEPI LANE 1981.



MEN JACOV COLO KI TE BANM CHAPLE A. SE YOUN NAN VOYAN MEDUGORJE YO. LI TE KON WE LAVYEJ MARI CHAK JOU PANDAN
PLIZYE LANE. LI TE VINI NAN PAWAS SAKRE KE TUJO LE MWEN
TE KIRE PAWAS SA. 



MEN PAREY TREN KI FE NEW-YORK/ STAMFORD CONNECTICUT OZETAZUNI. SE NAN PAREY YON TREN KONSA MWEN TE PEDU CHAPLE A. MWEN WE SA SELMAN LE MWEN FEN DESAN SOU PLATFOM ESTASYON STAMFORD NAP GADE LA.



MEN LEGLIZ SAKRE KE TUJO KOTE MWEN PRAL JWEN CHAPLE KI TE PEDU NAN TREN AN APRE PLIZYE SEMEN NAN CHANM MWEN KI TE FEMEN AKLE NAN PRESBITE PAWAS SAKRE KE TUJO KOTE M TE KIRE. 

APRE LANMO LI LAPRIYE SE CLAIRE GAGNE GERI YON MANM CBNDF !

DEPI SE CLAIRE GAGNE FENK MOURI MWEN TE TOUJOU CHAK JOU LAPRIYE POU LI EPI MANDE L POU L LAPRIYE POU NOU TOU. PASKE DEPI SE KLE TE VIVAN MWE...