MWEN PRETE YON LAJAN NAN YON ANVLOP. MWEN TEPE,SELE, KACHTE RES LAJAN NAN ANVLOP LA. TWA JOU APRE MWEN JWEN ANDAN ANVLOP LA MENM VALE LAJAN M TE PRETE A !!!
GEN YON MOUN KI TAP EDE M BATI YON KAY POU RETRET NAN CBNDF BWANEF. SE KONSA PANDAN MWEN ETAZINI LI BAN MWEN YON LAJAN AMERIKEN POU M BAY ENJENYE KI TE SOU TRAVAY LA POU L KONTINYE L.
LE MWEN RANTRE AN AYITI MWEN ALE DIREKTEMAN NAN LOPITAL KOTE SE M NAN PAULA CAMPION TE ENTENE. LE MWEN RIVE LOPITAL LA PAULA TE GENYEN YON PAKET MEDIKAMAN POU L ACHTE AVEK ANALIZ POU L TE FE. LI PAT GEN ASE KOB NAN MEN L POU L FE SA. MWEN TE RENMEN SE M NAN ANPIL. MWEN PAT VLE KITE L MOURI POU MEDIKAMAN.
SE KONSA MWEN PRAN NAN ANVLOP LA 2000 DOLA AMERIKEN POU ANALIZ YO AK MEDIKAMAN YO. MEN MWEN PAT ALEZ DITOU. MWEN PA JANM FE BAGAY KONSA POU M PRETE NAN LAJAN YO MANDE M POU M BAY YON MOUN.
EPI KI KOTE MWEN PRAL JWEN 2000 DOLA AMERIKEN POU M RANPLASE SA MWEN TE PRAN. PASKE NAN 3 JOU ENJENYE A AP VINI CHECHE KOB LA. SA TE BOULVESE M. MEN KOM DABITUD LE M GEN YON PWOLEM MWEN REMET LI DEVAN FATOUTOU.
MWEN DEPANSE YON BON VALE NAN 2000 DOLA. EPI RES LA MWEN METE L BYEN FEMEN NAN VALIZ NAN CHANM MWEN AK TOUT RES WOULO YO KON VLOPE LAJAN LE LABANK BA OU PLIZYE BIYE ANSANM. EPI RES LAJAN POU M TE BAY ENJENYE A, MWEN METE L NAN YON ANVLOP KE MWEN BYEN SELE AK PLIZYE TEP PLASTIK.
TWA JOU APRE ENJENYE VINI CHECHE ANVLOP LA. LI TE CHITA DEVAN BIWO M NAN. MWEN AL CHECHE ANVLOP LA TOU KACHTE TOU SELE AK PLASTIK LA BA LI. MWEN DI L FOK LI KONTE KOB LA. SE PRENSIP MANMAN M TOUJOU BAN MWEN.
SE KONSA DEVAN MWEN LI RETIRE TEP PLASTIK LA, LI DEKACHTE ANVLOP LA, LI KONTE L DEVAN M. SIPRIZ ! MONTAN LAJAN LI JWEN NAN ANVLOP LA SE EGZAKTEMAN KOB MWEN TE SIPOZE BA LI A SAN MANKE YON DOLA ! MWEN SEZI ! MWEN MANDE L KONTE LAJAN YON DEZYE FWA. MENM REZILTA.
LE SA MWEN PRAN ANVLOP LA MWEN MENM, MWEN KONTE CHAK BIYE APA LANTMAN. PA GEN YON DOLA KI TE MANKE ! MWEN JWEN MONTAN LAJAN YO TE BAN M POU REMET LI A. BIYE YO TE TOU NEF. YON PAKET 100 DOLA AMERIKEN MENM JAN AK LOT YO.
PLIS PI GWO SIPRIZ TOUJOU. WOULO KE LABANK KON VLOPE PLIZYE DOLA ANSANM TE VLOPE NOUVO BIYE SA YO ALOSKE ANSYEN WOULO A MWEN TE KONSEVE L NAN VALIZ MWEN ANSANM AK RES LAJAN KI TE RETE NAN 2000 DOLA MWEN TE DEPANSE A.
MWEN PAT GEN OKEN ESPLIKASYON POU FENOMEN SA. MWEN WE NAN EVENMAN SA LAMEN FATOUTOU. SE TE MIRAK LAVYEJ. GLWA POU BONDYE KI TE FE M SOTI NAN YON ANBARA.
MEN FATOUTOU MWEN TAP PALE NOU AN !
FATOUTOU FE MWEN JWEN LAJAN AMERIKEN
MWEN TE PRETE A AK TOUT WOULO YO LADAN !





